Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 28:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Pou sa, Tilgath-Piléser, wa Assyrie a te vini kont li, e te aflije li olye de ranfòse li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Men Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l ede l, li kraze l pi mal.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 28:20
14 Referans Kwoze  

Nan jou a Pékach yo, wa Israël la, Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, te parèt e te kaptire Ijjon avèk Abel-Beth-Maaca e Janoach avèk Kédesch, Hatsor, Galaad avèk Galilée ak tout peyi Nephtali a; epi li te pote yo kaptif nan Assyrie.


Epi wa Assyrie te fè envazyon tout peyi a e li te monte Samarie pou te fè syèj li pandan twazan.


Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.


Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo.


Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo.


Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! "Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid.


Akoz sa, sekirite Farawon va vin wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou.


SENYÈ a va mennen fè rive sou nou, sou pèp nou an ak sou lakay papa nou, jou konsi ki pa t janm gen parèy depi jou ke Éphraïm te separe ak Juda a—Wa Assyrie a.


Nan jou sa a, SENYÈ a va raze ak yon razwa, ki lwe soti nan rejyon lòtbò rivyè Euphrate la. Se wa Assyrie la menm. L ap manje tout jis nan tèt ak plim sou pye, pou l rive fin manje jis nan bab la.


Poukisa ou mache toupatou konsa nan chanje wout ou? Anplis, Égypte va fè ou wont, menm jan ke Assyrie te fè ou wont lan.


Soti kote sa a tou, ou va sòti ak men ou sou tèt; paske SENYÈ a te rejte sila ke ou te fè konfyans yo e ou p ap jwenn avantaj avèk yo.”


Anplis, ou te jwe pwostitiye ak Asiryen yo akoz ou pa t satisfè. Wi, ou te jwe pwostitiye ak yo e ou te toujou pa satisfè a.


“Lè Éphraïm te wè maladi li a, e Juda, jan li te blese a; alò, Éphraïm te ale kote Assyrie. Li te voye kote Wa Jareb. Men li p ap ka geri w, ni li p ap ka fè geri maleng ou an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite