Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Kwonik 10:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e li te di: “Papa m te konn fè jouk nou lou, men mwen va mete anplis sou li. Papa m te fè disiplin avèk fwèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l konsèy la. Li di yo: — Papa m te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou.

Gade chapit la Kopi




2 Kwonik 10:14
15 Referans Kwoze  

Wa a te reponn yo byen di, e Wa Roboam te echwe konsèy a ansyen yo.


Konsa, wa a pa t koute pèp la, paske sa se te yon boulvèsman ki te soti nan Bondye, pou SENYÈ a ta kapab etabli pawòl ke Li te pale pa Achija, Silonit lan, a Jéroboam nan, fis a Nebath la.


Panse a moun dwat yo jis; men konsèy a mechan yo se desepsyon.


Kòmansman a konfli se tankou pete gwo baryè dlo; konsa, kite kont la avan l kòmanse.


Malè a ou menm, O peyi ki gen jenn ti gason kon wa; ak prens yo k ap fè fèt granmaten.


Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.


Lè yon bagay fin fèt, li pi bon pase lè l te kòmanse a. Pasyans nan lespri pi bon pase awogans lespri a.


Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe jete nan fòs lyon an.


Men si nou gen jalouzi, fachez ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a.


Yo gen ke tankou eskòpyon, ak pikan. Epi nan ke yo, te gen pouvwa pou fè moun mal pandan senk mwa.


Answit, krikèt te sòti nan lafimen an pou vini sou latè, epi yo te resevwa pouvwa, jan eskòpyon sou latè yo gen pouvwa a.


Konsa, yo pa t pèmèt yo touye pèsòn, men toumante yo pandan senk mwa. Epi toumant yo te tankou toumant a yon eskòpyon lè l pike yon moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite