Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 9:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 9:6
20 Referans Kwoze  

Mechan an ranmase salè li nan koken; men sila ki simen ladwati a, va twouve vrè rekonpans lan.


Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a, e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.


Sila ki bay ak men louvri va beni; paske li bay manje a malere.


Voye pen ou sou sifas dlo, e apre anpil jou, ou va twouve l.


Simen semans ou nan maten an; ni pa gaspiye tan nan aswè. Paske ou pa janm konnen si se nan maten oswa nan aswè semans lan ap reyisi; ni si se pa tou de k ap bon.


“Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”


Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”.


Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo.


Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen;


Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an.


Donk, mwen te panse ke li te nesesè pou ankouraje frè yo pou yo ta ale devan nou menm pou òganize davans kado jenewozite ke nou te deja pwomèt la. Epi konsa, kado sa a ta kapab parèt kon yon kado jenewozite ki pa afekte pa lanvi de nou menm.


Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.


Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo.


Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo,


Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk diskou ki kab sedwi moun.


Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite