Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 6:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 nan jan m'ap mache bay verite a, nan jan Bondye soutni mwen ak pouvwa li. Zam mwen, se tout bagay ki dwat, kit pou atake, kit pou defann.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 nou di verite a pou tout moun tande, se sou puisans Bondye nou konte. Lavi dwat n ap mennen se zam nou pou n defann tèt nou kont tout kalite atak.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 6:7
27 Referans Kwoze  

Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt, Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.


Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.


Lavi ki long va trouve nan men dwat li. Nan men goch li se richès ak lonè.


Anplis, ladwati va sentiwon an ki antoure ren Li e fidelite va sentiwon ki pase nan senti Li a.


Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak, e ak kas sali a sou tèt Li. Li te mete vètman vanjans kon abiman, e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.


Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.


Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.


Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye.


Paske malgre Li te krisifye akoz de feblès, deja Li vivan akoz de pwisans Bondye a. Paske nou osi, nou fèb nan Li, malgre nou va viv avèk Li akoz de pwisans Bondye anvè nou.


Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.


Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.


Paske si nan yon bagay mwen te fè nou konpliman a li menm, nou pa t fè m wont. Men menm jan ke nou te pale tout bagay anverite a nou menm nan, menm jan an osi tout konpliman nou te pale Tite de nou te vin fè prèv ke se te verite.


Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la,


Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an,


si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus.


Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,


Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.


Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.


Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.


Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite