Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 6:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Bouch nou pale avèk libète ak nou menm, o Korentyen yo. Kè nou ouvri byen laj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Zanmi m yo, moun Korent, mwen pale kare avè nou, mwen louvri tout kè m ban nou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Zanmi m yo nan Korent, nou pale ak senserite. Nou louvri kè nou ba ou.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 6:11
20 Referans Kwoze  

Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.


Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE


O Mèt mwen an, ouvri lèv mwen pou m kab deklare lwanj Ou.


Epi ou va wè, ou va plen ak limyè; kè ou va kontan e ou va rejwi. Paske abondans lanmè a va vire vè ou; gran richès a nasyon yo va rive kote ou.


Alò, men SENYÈ a te sou mwen pandan nwit lan avan moun chape a te vin parèt la. Epi konsa, Li te louvri bouch mwen avan lè li te vin kote mwen nan maten an. Donk, bouch mwen te louvri e mwen pa t ankò bèbè.


Anplis, diven devwale yon moun ògeye, ki pa rete lakay li. L ap ogmante apeti li tankou Sejou mò a. Epi konsa, li menm, tankou lanmò a, pa kapab satisfè. Li rasanble a li menm tout nasyon yo, e li ranmase tout pèp yo a li menm.


Apre bagay sa yo li te kite Athènes e te ale Corinthe.


Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.


Mwen va avèk kè kontan depanse e konsakre m pou nanm nou. Si m renmen nou plis konsa, èske nou dwe renmen m mwens?


Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.


O nou menm moun Galatie ensanse yo! Kilès ki gen tan mete wanga sou nou konsa, pou nou refize laverite a? Nou menm devan zye a kilès, Jésus Kri te piblikman prezante kòm krisifye a?


Mwen priye nou frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò;


Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la,


nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.


Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.


Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman.


“Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.


Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite