Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 12:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Mwen te ankouraje Tite pou ale, e mwen te voye frè a avèk li. Éske Tite te pran okenn avantaj sou nou? Èske nou pa t kondwi tèt nou nan menm lespri a e mache sou menm pa yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Mwen te mande Tit pou l'al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezon pou n aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Mwen te ankouraje Tit ak yon lòt frè mwen te voye ak li pou vizite nou. Di m non, èske Tit te eksplwate nou? Èske li pa t aji avèk onètete, menm jan avèk nou? Èske li pa t swiv tras nou?

Gade chapit la Kopi




2 Korent 12:18
13 Referans Kwoze  

Anplis, soti nan jou sa a mwen te chwazi kon gouvènè sou yo nan peyi Juda, soti nan ventyèm ane a jis rive nan trann-dezyèm ane a Wa Artexarxès la, pandan douzan, ni mwen ni moun fanmi parèy a mwen, yo pa t manje nan pati nan manje prevwa pou gouvènè a.


Alò Moïse te vin byen fache. Li te di a SENYÈ a: “Pa aksepte ofrann pa yo! Mwen pa t pran menm yon bourik nan men yo, ni mwen pa t fè mal a okenn nan yo.”


Li se papa a sikonsizyon, non sèlman pou sila ki sikonsi yo, men osi a sila yo ki swiv chemen lafwa ke Abraham te genyen pandan li te ensikonsi a.


Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?


Fè espas pou nou nan kè nou. Nou pa t fè pèsòn mal. Nou pa t fè pèsòn vin konwonpi, ni nou pa t pran avantaj sou okenn moun.


Men Bondye, ki rekonfòte sila k ap viv nan afliksyon yo, te rekonfòte nou lè Tite te vini an.


Donk, nou te ankouraje Tite ke, jan li te kòmanse oparavan an, pou li ta osi konplete nan nou zèv gras sila a.


Paske nou te rele pou koz sa a akoz ke Kris osi te soufri pou nou. Li te kite yon egzanp pou nou swiv pazapa,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite