Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 12:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Koulye a, mwen te gen tan vin fou. Nou menm, nou te fòse m fè sa. Anverite, mwen ta dwe felisite pa nou menm, paske nan okenn jan, mwen pa t enferyè de apot pi wo yo, malgre mwen menm, mwen pa anyen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Mwen sot pale la a tankou moun fou. Men, se nou menm ki lakòz sa. Se nou menm ki pou ta pran defans mwen. Mwen te mèt pa anyen vre, men, apòt nou yo ki kwè yo plis pase tout moun, yo pa gen anyen pase mwen.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Mwen t ap pale tankou moun fou. Se nou ki lakoz sa. Se nou menm ki ta dwe ap vante kalite m. Mwen pa vo anyen non, men gran apot nou yo pa vo plis pase m non.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 12:11
17 Referans Kwoze  

Kite yon lòt moun ba ou lwanj, e pa fè ak pwòp bouch ou. Kite l fèt pa yon ou pa konnen, e pa de pwòp lèv ou.


“Konsa, nou menm tou lè nou fè tout bagay ke yo kòmande nou fè, nou di: ‘Nou se esklav ki pa dign; nou fè sèlman sa ke nou dwe fè.’”


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm.


Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou.


Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.


Paske mwen pa konsidere tèt mwen kòm enferyè a pi gran apot yo.


Sign a yon vrè apot te fèt pami nou avèk tout pèseverans, pa sign, mèvèy ansanm ak mirak yo.


Paske si mwen vle vante tèt mwen, mwen p ap fè foli; paske se verite m ap pale. Men m ap sispann fè sa pou pèsòn pa fè mwen kredi pou plis ke sa li wè nan mwen oubyen tande de mwen.


Èske n ap kòmanse bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm?


Paske si nou vin debòde, se pou Bondye. Epi si nou nan bon sans nou, se pou nou menm.


Paske si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li.


A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite