Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 11:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Pa gen anyen la a pou fè m' sezi: Ata satan ka ranje kò li pran pòz zanj limyè li!

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Sa pa etone nou, paske se menm bagay Satan ap fè lè l fè sanblan li se yon anj limyè.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 11:14
9 Referans Kwoze  

Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.


pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske nou pa inyoran de manèv li yo.


Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen.


Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.


pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.


Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a.


Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite