Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




2 Korent 1:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Epi premyèman, se te nan konfyans sila ke m te gen entansyon pou vin kote nou an, pou nou ta kapab resevwa yon benediksyon doub.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Mwen te sitèlman gen konfyans sou pwen sa a, mwen te konmanse fè lide ale lakay nou pou nou te ka resevwa benediksyon Bondye a de fwa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Mwen te tèlman sèten, se sa k fè m te fè plan vizite nou an premye. Konsa, nou te ka jwenn yon doub benediksyon.

Gade chapit la Kopi




2 Korent 1:15
9 Referans Kwoze  

Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè.


Paske mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli.


Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.


Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.


Paske mwen pa vle wè nou koulye a sèlman an pasan; paske mwen espere rete avèk nou pou kèk tan si Dye vle.


Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo.


Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo.


Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite