Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 8:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 ‘Depi jou ke M te fè pèp Mwen an, Israël, sòti an Égypte, Mwen pa t chwazi yon vil nan tout tribi Israël yo pou M ta bati yon kay pou non Mwen ta kapab la; men mwen te chwazi David pou renye sou pèp Mwen an, Israël.’

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Depi jou mwen te fè pèp mwen an sòti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pèp Izrayèl la kote pou yo bati yon tanp ladan l pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvènen pèp mwen an, pèp Izrayèl la.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 8:16
17 Referans Kwoze  

Men a fis li yo, mwen va bay yon tribi, pou sèvitè Mwen an, David kab toujou gen yon lanp devan Mwen nan Jérusalem, vil kote Mwen te chwazi pou Mwen menm nan pou mete non Mwen an.


pou zye Ou ta rete louvri vè kay sila a lajounen kon lannwit, vè plas kote Ou te di: ‘Non Mwen va rete la,’ pou koute lapriyè ke sèvitè ou a va fè vè plas sa a.


SENYÈ a te di: “Mwen va retire Juda tou devan zye Mwen, jan mwen te retire Israël la. Mwen va voye jete Jérusalem, vil sila ke M te chwazi a ak tanp sou sila Mwen te di: ‘Non Mwen va la a.’”


Li te vin rive nan menm nwit lan ke pawòl SENYÈ a te parèt a Nathan. Li te di:


Sepandan, SENYÈ a, Bondye Israël la, te chwazi mwen soti nan tout lakay papa m pou vin wa sou Israël jis pou tout tan.


men si nou retounen kote Mwen, kenbe kòmandman Mwen yo, e fè yo, malgre sila nan nou ki te gaye nan zòn pi izole nan syèl yo, Mwen va ranmase yo soti la, pou mennen yo rive nan plas kote Mwen te chwazi pou non Mwen te abite a.’


Paske SENYÈ a te chwazi Sion. Li te vle l pou abitasyon Li.


Anplis, Li te chwazi David, sèvitè Li a. Li te pran l sòti nan Pak mouton yo,


“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen a. Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,


“Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la.


alò, li va rive ke kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, va chwazi pou non Li vin rete a, se la, nou va mennen tout sa ke Mwen kòmande nou yo: ofrann brile nou yo avèk sakrifis nou yo, dim nou yo avèk don ki sòti nan men nou yo, ak tout ofrann ve ki pi bèl ke nou va fè kòm ve bay SENYÈ a.


Men nou va chache kote SENYÈ a, Bondye nou an, chwazi sou tout trib nou yo, pou etabli non Li a tankou kote pou L ta rete, e la, nou va vini.


Alò, SENYÈ a te di a Samuel: “Pandan konbyen de tan ou va lamante pou Saül, paske Mwen te rejte li kòm wa sou Israël? Ranpli poban ou avèk lwil e ale. Mwen va voye ou vè Jesse, mesye Bethléhem nan, paske mwen te chwazi yon wa pou kont Mwen pami fis li yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite