Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 7:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Li te fè sal twòn kote li ta jije moun nan, sal jijman an, e atè a te kouvri avèk pano sèd soti nan yon bò pou rive nan lòt la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Yo bati yon lòt kay yo rele Chanm Fòtèy la ou ankò Salon Jijman an. Se la Salomon te konn rann jijman. Miray yo te kouvri ak bwa sèd depi anba rive nan plafon an.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 7:7
8 Referans Kwoze  

Lè tout Israël te tande koze a jijman sa a ke wa a te lonje bay, yo te krent wa a. Paske yo te wè ke sajès Bondye te nan li pou administre jistis la.


Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”


Galeri pa devan antre kay la te ven koude nan longè, ki te koresponn avèk lajè kay la e pwofondè devan kay la te dis koude.


Paske la, twòn yo te plase pou jijman, twòn lakay David yo.


Yon wa ki chita sou twòn lajistis fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.


P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite