Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 7:51 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

51 Konsa, tout travay ke Wa Salomon te fè lakay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te fè antre tout bagay ki te dedye pa papa li, David—ajan avèk lò ak zouti yo—li te mete yo nan trezò a lakay SENYÈ a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

51 Lè wa Salomon te fin fè tout travay pou bati Tanp Senyè a, li fè yo pote tout ajan ak tout lò David, papa l, te ofri bay Senyè a ansanm ak tout lòt bagay li menm li te bay, li fè mete yo nan chanm trezò Tanp lan.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 7:51
15 Referans Kwoze  

Li te fè antre nan kay SENYÈ a tout afè dedye pa papa li avèk tout afè dedye pa li menm; zouti fèt an ajan avèk lò.


Konsa, Salomon te bati kay la e te fini avèk li.


Konsa, li te bati kay la e te fin fè l. Li te kouvri kay la avèk travès ak planch sèd.


Kòmandan gad la, anplis, te pran tout plato pou resevwa sann yo, avèk basen yo, sila ki te an lò fen ak sila ki te an ajan fen yo.


Konsa, tout travay ke Salomon te acheve pou kay SENYÈ a te fini. Epi Salomon te mennen fè antre tout bagay ke David, papa li, te dedye yo, menm ajan avèk lò a, tout zouti yo e li te mete yo nan trezò lakay Bondye a.


Epi yo pa t varye menm nan lòd wa a ak prèt yo avèk Levit yo nan okenn fason ki te konsène kay depo trezò yo.


Tanp sa a te fini sou twazyèm jou nan mwa Adar a. Li te nan sizyèm ane règn Wa Darius la.


Li te monte galeri a toutotou tabènak la ak lotèl la, e li te pandye vwal la pou pòtay galeri a. Konsa, Moïse te fin fè travay la.


“Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite