Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 7:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te fòme de pilye an bwonz yo, dizuit koude se te wotè a chak pilye e yon lign a douz koude te mezire distans antoure won a toude.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Iram koule de gwo poto kwiv won yo. Yo chak te gen vennsèt pye wotè. Wonn poto yo te mezire dizwit pye. Li mete yo kanpe devan Tanp lan.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 7:15
13 Referans Kwoze  

Li osi te fè de tèt kouvèti an bwonz fonn pou plase sou tèt a pilye yo. Wotè a yon tèt kouvèti te senk koude e wotè a lòt tèt kouvèti a te senk koude.


Konsa, li te ranje pilye yo sou galeri gran chanm nan. Epi li te monte pilye adwat la e li te rele li Jakin; li te monte pilye agoch la e li te rele li Boaz.


de pilye yo, de bòl pou tèt kouvèti ki te poze sou de pilye yo ak de sistèm rezo pou kouvri de bòl tèt kouvèti ki te sou tèt pilye yo.


Alò, pilye an bwonz ki te lakay SENYÈ yo ak baz avèk lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kase yo an mòso e te pote bwonz lan Babylone.


Osi, soti Thibchath avèk Cun, vil a Hadarézer yo, David te pran yon trè gran kantite bwonz avèk sila Salomon te fè lanmè a an bwonz e pilye avèk zouti yo te fèt an bwonz.


Paske se konsa pale SENYÈ dèzame yo konsènan pilye yo, konsènan lanmè a, konsènan baz yo e konsènan tout lòt veso ki rete nan vil sa a,


Li te brile kay SENYÈ a lakay wa a, ak tout kay Jérusalem yo; menm tout gwo kay yo, li te brile yo ak dife.


Alò, pilye an bwonz, ki te apatyen a lakay SENYÈ a, baz yo, ak gwo lanmè an bwonz ki te lakay SENYÈ a, Kaldeyen yo te kraze yo an mòso e te pote tout bwonz yo Babylone.


Epi pou pilye yo, wotè a chak pilye te diz-uit koude, li te mezire douz koude sikonferans lan, kat dwat nan epesè e vid nan mitan.


Longè a galeri a te ven koude e lajè a te onz koude. Vè eskalye pa sila li ta ka monte a, te gen kolòn ki te apatyen a pilye akote yo, youn nan chak kote.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite