Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 SENYÈ a te ba li sajès, jis jan ke Li te pwomèt li a. Epi te gen lapè antre Hiram avèk Salomon e yo de a te fè yon akò.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Senyè a kenbe pwomès li. Li bay Salomon anpil bon konprann. Te gen bon antann ant Iram ak Salomon. Yo siyen yon kontra yonn ak lòt.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 5:12
12 Referans Kwoze  

Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.


“Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”


vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.


Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè.


Alò, Wa Salomon te fè kòve obligatwa soti nan tout Israël la. Kòve fòse yo te konte trant-mil moun.


sajès avèk konesans gen tan bay a ou menm. Epi Mwen va ba ou richès avèk byen, avèk lonè, tankou okenn nan wa avan ou yo pa t janmen genyen, ni sila ki va swiv ou yo.”


Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la, sila ki bati li yo, travay anven. Amwenske SENYÈ a veye pòtay la, gadyen an rete zye louvri anven.


Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:


Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb.


Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.


Konsa pale SENYÈ a: “Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat, mwen p ap retire pinisyon an, akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom, e yo pa t sonje akò fratènèl la.


Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite