1 Wa 3:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen26 Alò fanm avèk pitit vivan an te pale ak wa a, paske li te boulvèse jis rive nan fon kè l sou fis li a e te di: “O mèt mwen, ba li pitit la e sitou, pa touye li.” Men lòt la te di: “Li p ap pou ou, ni pou mwen; divize l!” Gade chapit la1998 Haïtienne26 Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: — Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lòt madanm lan menm di: — Ou mèt koupe l! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen. Gade chapit la |