Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 20:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Wa Israël la te parèt deyò, li te frape cheval yo avèk cha yo e te touye Siryen yo nan yon gwo masak.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Wa Akab vin atake lè sa a, li touye chwal moun Siri yo, li kraze cha lagè yo. Li bat moun Siri yo byen bat.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 20:21
11 Referans Kwoze  

Chak moun te touye yon nonm pou kont li; epi Siryen yo te sove ale e wa Israël la te kouri dèyè yo e Ben-Hadad, wa Syrie a, te chape sou yon cheval avèk chevalye yo.


Alò, pwofèt la te pwoche wa Israël la e te di li: “Ale, ranfòse ou menm e okipe pou wè sa ou gen pou fè; paske nan fen ane a, wa a Syrie va vin monte kont ou.”


Sa se sèlman yon tikras bagay nan zye SENYÈ a. Anplis, Li va livre Moabit yo nan men nou.


Men lè yo te rive nan kan Israël la, Izrayelit yo te leve e te frape Moabit yo jiskaske yo te kouri devan yo. Epi yo te avanse nan peyi a e te fè yon gwo masak pami Moabit yo.


Li te vin rive ke lè Josué avèk fis Israël yo te fin touye yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo tout te fin detwi e sila ki te chape yo, yo te antre nan vil fòtifye yo,


Li te frape yo avèk yon trè gran masak soti nan Aroër jis rive nan antre Minnith, ven vil e jis rive nan Abel-Keramim. Konsa, fis Ammon yo te jete ba devan fis Israël yo.


Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe.


Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron.


Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite