Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 18:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Li va vin rive ke lè m kite ou, Lespri SENYÈ a va pote ou kote m pa konnen. Konsa, lè m vini pale Achab, lè l pa kab jwenn ou, li va touye mwen, malgre mwen, sèvitè ou a, te gen lakrent SENYÈ a depi nan jenès mwen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Bon, vire m vire do m ale la a, si lespri Senyè a pran ou, li pote ou yon kote m pa konnen, lè m'a di wa Akab ou isit la, lè la vini li pa wè ou, l'ap touye m. Chonje mwen menm m'ap sèvi Senyè a ak krentif depi mwen piti.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 18:12
27 Referans Kwoze  

Epi koulye a w ap di: ‘Ale di mèt ou “Men vwala, Élie!”’


Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la.


Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.” Li te di: “Ou p ap voye yo.”


Paske nan uityèm ane règn pa li a, pandan li te toujou nan jenès li, li te kòmanse chache Bondye a papa zansèt li a, David. Epi nan douzyèm ane a, li te kòmanse pirifye Juda avèk Jérusalem sou afè a wo plas yo, Asherim nan, imaj taye yo ak imaj fonn yo.


Paske Ou se espwa m, O SENYÈ Bondye, Ou se konfyans mwen soti nan jenès mwen.


Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal, ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pevès.


Li bon pou ou ta kenbe pran yon bagay san ou pa lage lòt la; paske sila ki gen lakrent Bondye a ap vini ak tou de.


Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a, ki obeyi vwa a sèvitè Li a, ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a? Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a e depann de Bondye li a.


Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo. Se konsa vizyon mwen te wè a, te kite mwen.


Men SENYÈ a te sou mwen, Li te mennen mwen sòti pa Lespri SENYÈ a, e te depoze m nan mitan vale a. Konsa, vale a te plen ak zo.


Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a.


Lè Hérode te vin wè ke li te twonpe pa mesye saj yo, li te vin anraje. Konsa, li te voye touye tout ti gason mwens ke de zan nan tout anviwon Bethléem nan, selon tan li te vin konprann pa mesye saj yo.


Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan.


“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.


Lè Hérode te chache li e li pa t twouve l, li te egzamine gad yo e te kòmande pou yo te egzekite. Li te desann, soti Judée pou ale Césarée e t ap pase tan an la.


Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.


Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.


Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.” Epi SENYÈ a te di: “Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’


Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len.


Alò, gason Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite