Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Pran dis pen avèk ou, kèk gato ak yon boutèy siwo myèl, e ale kote li. Li va di ou kisa ki va rive gason an.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 W'a pran dis pen, kèk gato ak yon bokal siwomyèl pou fè li kado. Ou va ale lakay li. Se sèten, l'a fè ou konnen sa k'ap rive pitit gason mwen an.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 14:3
11 Referans Kwoze  

Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”


Konsa, Achazia te tonbe sou treyi a soti nan chanm anwo ki te nan Samarie a e li te vin malad. Konsa, li te voye mesaje yo. Li te di yo: “Ale mande a Baal-Zebub, dye a Ékron an si m ap geri de maladi sa a.”


Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”


Lè li te retounen kote nonm Bondye a avèk tout konpanyen li e te vin kanpe devan li, li te di: “Gade byen, koulye a, mwen konnen ke nanpwen lòt Dye nan tout tè a, sof ke an Israël. Pou sa, souple, aksepte yon kado nan men sèvitè ou a depi koulye a.”


Alò, wa Syrie a te di: “Ale koulye a e mwen va voye yon lèt kote wa Israël la.” Li te sòti e te pran avè l dis talan ajan ak si-mil sik an lò ak dis echanj vètman konplè.


yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Jésus, pandan Li te sou tab la.


Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite