Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 13:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Konsa, li te retounen avèk li e te manje pen lakay li a e te bwè dlo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Se konsa pwofèt peyi Jida a tounen lakay pwofèt Betèl la, li manje, li bwè avè l.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 13:19
10 Referans Kwoze  

Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje.


Li te di li: “Mwen menm se yon pwofèt tankou ou, e yon zanj te pale avèk mwen pa pawòl SENYÈ, e li te di: ‘Mennen li retounen lakay ou avèk ou pou l kab manje pen ak bwè dlo. Men se manti li t ap fè.’”


Alò, li te vin rive, pandan yo te chita sou tab la a, ke pawòl SENYÈ a te vini a pwofèt ki te fè li retounen an;


Paske se konsa li te kòmande mwen pa pawòl SENYÈ a e te di: ‘Ou pa pou manje okenn pen, ni bwè dlo, ni retounen pa chemen ke ou te vini an.’”


Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije.


“Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy,


nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.


Men pwofèt la oswa sila ki fè rèv sila a, va vin mete a lanmò, akoz li te konseye rebelyon kont SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, epi ki te peye ranson nou pou soti nan kay esklavaj la, pou sedwi nou nan chemen ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou mache a. Konsa, nou va retire mechanste sa a pami nou.


Men pwofèt ki pale yon mo avèk awogans nan non Mwen, mo Mwen pa t kòmande li pale, oswa ke li pale nan non a lòt dye yo, pwofèt sila a va mouri.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite