Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 13:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, li te ale dèyè nonm Bondye a. Li te twouve li te chita anba yon pye bwadchenn. Konsa, li te mande l: “Èske ou menm se nonm Bondye ki te sòti Juda a?” Li te reponn: “Se mwen”.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 li pati dèyè pwofèt Bondye a. Li jwenn li chita anba yon pye chenn. Li mande l: — Se ou menm pwofèt Bondye ki sòti peyi Jida a? Nonm lan reponn: — Se mwen wi!

Gade chapit la Kopi




1 Wa 13:14
9 Referans Kwoze  

Abram te pase nan peyi a jis rive Sichem, nan chenn Moré yo. Alò nan tan sa a, Kanaaneyen yo te nan peyi a.


Epi li te di a fis li yo: “Sele bourik la pou mwen.” Konsa, yo te sele bourik la pou li e li te sòti sou li.


Konsa, li te di li: “Vin lakay mwen pou manje pen.”


Men li menm te vwayaje pandan yon jou antre nan dezè a, pou l te rive chita anba yon bwa pikan. Konsa, li te fè demann pou l ta mouri e te di: “Sa se kont! Koulye a, O SENYÈ, pran lavi mwen; paske mwen pa pi bon ke zansèt mwen yo.”


Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.


Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.


Mwen te nan travay, nan sikonstans difisil, nan anpil nwit san dòmi, nan grangou ak swaf, souvan san manje, nan fredi e san rad.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite