Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Alò, yon pwofèt granmoun t ap viv Béthel, epi fis li yo te vini pou te di li tout zèv ke nonm Bondye a te fè pandan jou sa nan Béthel. Yo te pale li pawòl yo ke li te pale a wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Nan tan sa a, te gen yon pwofèt ki te rete lavil Betèl. Li te granmoun anpil. Pitit gason l yo vin rakonte l tou sa pwofèt Bondye a te fè jou sa a lavil Betèl, ak tou sa li te di wa Jewoboram.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 13:11
13 Referans Kwoze  

Pou sa, li te fè yon lòt chemen e li pa t retounen pa chemen ke li te vini Béthel la.


Papa yo te di yo: “Se ki direksyon li te pran?” Alò, fis li yo te wè direksyon ke nonm Bondye ki te sòti Juda a te pran an.


Epi vwala, moun yo t ap pase kote l, e yo te wè kò a jete sou wout la ak lyon an ki te kanpe akote kò a. Konsa, yo te rive pale sa nan vil kote pwofèt granmoun nan te rete a.


Li te di: “Lese li; pa kite pèsòn deranje zo li.” Konsa, yo te kite zo li yo san deranje avèk zo a pwofèt ki te sòti Samarie a.


Konsa ak pwofèt Israël sa yo ki pwofetize a Jérusalem yo, ki te fè vizyon lapè pou li yo, lè pat gen lapè a,’” deklare Senyè BONDYE a.


“Fis a lòm, pwofetize kont pwofèt Israël ki pwofetize. Di a sila kap pwofetize pawòl ki soti nan pwòp enspirasyon pa yo, ‘Koute pawòl SENYÈ a:


Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.


Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’


(men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)


Men li te resevwa yon repwòch pou pwòp transgresyon li. Paske yon bourik bèbè te pale avèk vwa yon moun, e te mete fren a foli a pwofèt la.


Li vin rive ke lè tout moun ki te rekonèt li oparavan yo te wè ke koulye a li pwofetize avèk pwofèt yo, ke pèp la te di youn ak lòt: “Kisa ki rive a fis a Kish la? Èske Saül osi pami pwofèt yo?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite