Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 12:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Wa a te reponn pèp la byen rèd, paske li te abandone konsèy ke ansyen yo te bay li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 12:13
21 Referans Kwoze  

Men Abram te di a Saraï: “Gade byen, sèvant ou anba pouvwa ou. Fè sa ke ou wè ki bon nan zye ou avèk li.” Pou sa, Saraï te rèd avèk li, e li te pran sove ale kite prezans li.


“Mesye a, mèt peyi a, te pale byen di avèk nou. Li te panse nou te espyon nan peyi a.


Lè Joseph te wè frè li yo, li te rekonèt yo, men li te kache idantite li devan yo, e li te pale rèd avèk yo. Li te di yo: “Kote nou sòti?” Epi yo te di: “Nan peyi Canaan, pou achte manje.”


Men mesye Israël yo te reponn mesye Juda yo e te di: “Nou gen dis pati nan wa a; pou sa, nou osi gen plis pati nan David pase ou! Poukisa konsa, ou vin meprize nou? Èske se pa t konsèy pa nou premyèman pou fè wa a tounen?” Men pawòl a Juda yo te pi rèd pase pawòl a Israël yo.


Alò, Jéroboam avèk tout pèp la te vini a Roboam nan twazyèm jou a jan wa a te mande l la, lè l te di: “Retounen kote mwen nan twazyèm jou a.


Li te pale avèk yo selon konsèy a jennonm yo, e te di: ‘Papa m te fè jouk nou byen lou, men mwen va mete anplis sou fado nou. Papa m te fè disiplin avèk frèt, men mwen va fè disiplin avèk eskòpyon.’”


Alò, Farawon te di li: “Sòti sou mwen! Veye ou pou pa wè figi m ankò, paske nan jou ou wè figi m ou va mouri.”


Men Farawon te di: “Kilès SENYÈ a ye pou m ta obeyi vwa Li, pou kite Israël ale? Mwen pa konnen SENYÈ a, e anplis, mwen p ap kite Israël ale.”


Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi, men bouch a mechan an kache vyolans.


Lèv a moun dwat yo fè parèt sa ki bon; men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.


Sila ki mache ak moun saj va vin saj; men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.


Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.


Malere a pale: “Souple, fè m gras”; men moun rich la reponn byen di.


Pawòl ki soti nan bouch sila ki saj la plen ak gras, men pawòl a moun ensanse a fin manje l nèt;


Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.


Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.


Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite