Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 11:43 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

43 Epi Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan vil a papa li, David e fis li a, Roboam te renye nan plas li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

43 Lè li mouri, yo antere l nan lavil David, papa l. Se Woboram, pitit li, ki moute nan plas li sou fòtèy la.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 11:43
24 Referans Kwoze  

Otreman, li va vin rive ke depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”


Epi Roboam te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David. Non manman li se te Naama, fi Amonit lan. Abijam, fis li a, te vin wa nan plas li.


Konsa, Asa te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere avèk zansèt li yo nan lavil David la, papa li. Epi Josaphat te renye nan plas li.


Epi Abijam te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li nan lavil David. Asa, fis li a te devni wa nan plas li.


Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.


Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.


Konsa, Achab te dòmi avèk zansèt pa li yo, e Achazia, fis li a, te devni wa nan plas li.


Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo, e li te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.


Konsa, Ézéchias te dòmi avèk zansèt li yo e Manassé, fis li a, te devni wa nan plas li.


Konsa, Manassé te dòmi avèk zansèt pa li yo e te antere nan jaden lakay li, nan jaden Uzza a. Epi Amon, fis li a, te devni wa nan plas li.


Li te antere nan tonm pa li nan jaden Uzza a e Josias, fis li a, te devni Wa nan plas li.


Fis a Salomon an: Roboam. Abijah, fis pa li a; Asa, fis pa li a; Josaphat, fis pa li a;


Yon bann sanzave te rasanble vè li menm, vagabon yo, yon eprèv ki te twò fò pou Roboam, fis a Salomon an, lè li te trè jèn, timid e li pa t ka kenbe plas pa l kont yo.


Li te gen trann-dezan lè l te vin wa e li te renye Jérusalem pandan uitan. Lè l te mouri li te san regrè a pèsòn. Yo te antere li lavil David, men pa nan tonm a wa yo.


Konsa, Ozias te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li avèk papa zansèt li yo nan chan akote tonm ki te pou wa yo, paske yo te di: “Li gen lalèp”. Epi Jotham, fis li a, te devni wa nan plas li.


Konsa, Achaz te dòmi avèk papa zansèt li yo, e yo te antere li nan vil Jérusalem nan; paske yo pa t mennen li antre nan tonm a wa Israël yo. Epi Ézéchias, fis li a, te renye nan plas li.


Salomon te renye pandan karantan Jérusalem ak sou tout Israël.


Salomon te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere nan lavil papa li, David. Fis li, Roboam te renye nan plas li.


Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.


Li va antere ak antèman bourik, trennen e jete deyò pòtay Jérusalem yo.”


Salmon e Rehab te fè Boaz. Boaz te papa Obed pa Ruth; Obed te papa Isaï.


Salomon te fè Roboam. Roboam fè Abia, e pa Abia, Asa.


SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite