Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 11:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Men lè Hadad te tande an Égypte ke David te dòmi avèk zansèt li yo, e ke Joab, chèf lame a te mouri, Hadad te di a Farawon: “Voye mwen ale, pou m kab rive nan pwòp peyi pa mwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lè nouvèl lanmò David ak lanmò Joab rive nan peyi Lejip, tonbe nan zòrèy Adad, Adad di farawon an konsa: — Kite m tounen nan peyi m.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 11:21
10 Referans Kwoze  

Konsa, li te voye frè li yo pati, e pandan yo t ap sòti, li te di yo: “Pa goumen nan vwayaj la.”


Abner te di a David: “Kite mwen leve pou m ale rasanble tout Israël la kote mèt mwen an, wa a, pou yo kapab fè yon akò avèk ou e pou ou kapab devni wa sou tout sa ke nanm ou dezire yo.” Konsa, David te voye Abner ale e li te ale anpè.


Sè a Thachpenès la te fè fis li, Guenubath, ke Thachpenès te sevre lakay Farawon pami fis a Farawon yo.


Alò, Farawon te di li: “Men kisa ou te manke avè m, ke konsa, w ap chache ale nan pwòp peyi pa ou?” Li te reponn li: “Anyen: men anverite, fòk ou kite mwen ale.”


Konsa, David te dòmi avèk zansèt li yo e li te antere nan lavil David la.


Epi Benaja, fis a Jehojada a te monte tonbe sou Joab pou te mete li a lanmò. Li te antere bò lakay li a nan dezè a.


Alò SENYÈ a te di a Moïse nan Madian: “Ale retounen an Égypte, paske tout mesye ki t ap chache lavi ou yo gen tan mouri.”


“Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”


Li te di: “Selon pawòl nou, ke sa vin fèt konsa.” Epi li te voye yo ale. Yo te pati, epi li te mare kòd wouj la nan fenèt la.


Yo te leve bonè. Lè li fenk jou, Samuel te rele Saül sou twati a. Li te di: “Leve pou m kab voye ou ale.” Konsa, Saül te leve, e li menm ansanm ak Samuel te ale nan lari.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite