Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 10:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Wa a te fè soutyen lakay SENYÈ a avèk lakay wa a avèk bwa koray yo e osi ap yo avèk gita pou chantè yo. Bwa koray yo tankou sila yo pa t janm antre ankò, ni yo pa t janm wè jis rive jodi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò.

Gade chapit la Kopi




1 Wa 10:12
9 Referans Kwoze  

Antretan, David avèk tout lakay SENYÈ a t ap selebre devan SENYÈ a avèk tout kalite enstriman ki fèt an bwa pichpen, avèk lap, gita, tanbouren, ak kastanèt ak senbal.


Osi, bato a Hiram ki te pote lò ki sòti Ophir yo, te mennen fè antre soti Ophir yon gran kantite pye bwa koray avèk pyè presye.


Wa Salomon te bay a rèn Séba tout sa ke li te dezire, tout sa ke li te mande, anplis de sa li te ba li selon bonte wayal li. Konsa, li te vire retounen nan pwòp peyi pa li a, ansanm avèk sèvitè pa li yo.


kat-mil te gadyen pòtay yo, e kat-mil ki pou louwe SENYÈ a avèk enstriman ke David te fè pou bay lwanj yo.


Avèk bwa sandal yo, wa a te fè eskalye pou kay SENYÈ a ak pou palè wa a ak gita, avèk ap pou chantè yo. Epi nanpwen bagay konsa ki te konn wè avan nan peyi Juda.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite