Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Wa 1:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Batcheba tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk atè. Wa a mande l: — Kisa ou vle?

Gade chapit la Kopi




1 Wa 1:16
10 Referans Kwoze  

Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a.


Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.”


Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.” Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè.


Alò, li te di: “Mwen ap fè yon sèl ti demann a ou menm; pa refize mwen.” Epi wa a te di a li: “Mande manman m, paske mwen p ap refize ou.”


Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, “Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”


Li te di L: “Kisa ou vle?” Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo kapab chita youn sou bò dwat Ou ak youn sou bò goch Ou.”


Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”


Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.


Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.


Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite