Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 9:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Yo te reponn yo e te di: “Li la! Gade devan nou an! Fè vit, paske li fenk antre nan vil la jodi a. Pèp la gen yon sakrifis nan wo plas la jodi a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Jenn fi yo reponn: — Li la wi. Gade, men li la devan ou lan. Fè vit, li fenk rive lavil la, paske jòdi a se jou pou moun yo al touye bèt pou Bondye sou lotèl ki sou ti mòn lan.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 9:12
11 Referans Kwoze  

Alò, Jacob te ofri yon sakrifis sou mòn nan. Li te rele tout gwo fanmi li yo pou vin manje pen. Yo te manje pen sa a, e yo te pase nwit lan sou mòn nan.


Li te kite Tsadok, prèt la avèk fanmi pa li yo devan tabènak SENYÈ a nan wo plas ki te Gabaon an,


Apre, ou va vini nan ti mòn Bondye a kote ganizon lame Filisten an ye a. Konsa, li va fèt ke depi ou vini la, kote vil la, ou va rankontre yon gwoup pwofèt k ap desann soti nan plas anwo a avèk gita, tanbouren, flit ak bandyo devan yo, e yo va pwofetize.


Men Samuel te di: “Kijan mwen kapab ale? Lè Saül tande koze sa a, li va touye mwen.” Epi SENYÈ a te di: “Pran yon gazèl avèk ou e di: ‘Mwen vin fè sakrifis bay SENYÈ a.’


Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen.


Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’


Alò vwayaj retou li sete nan Rama; paske se la lakay li te ye. Se la li te jije Israël; epi li te bati la yon lotèl bay SENYÈ a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite