Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 7:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Vil ke Filisten yo te sezi soti an Israël yo te restore a Israël, soti Ékron jis rive Gath. Epi Israël te rachte teritwa yo nan men a Filisten yo. Konsa, te gen lapè antre Israël ak Amoreyen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Tout lavil moun Filisti yo te pran, depi lavil Ekwon jouk lavil Gat, tout te tounen nan men moun Izrayèl yo ankò. Se konsa pèp Izrayèl la te mete moun Filisti yo deyò sou tout teritwa ki te pou yo. Epitou pat gen lagè menm ant moun Izrayèl yo ak moun Amori yo.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 7:14
8 Referans Kwoze  

Apre sa, li te vin rive ke David te bat Filisten yo. Li te fè yo soumèt e te pran Gath avèk vil pa li yo nan men a Filisten yo.


Yo pa t detwi lòt pèp yo, jan SENYÈ a te kòmande yo a,


Desandan a Amalèk yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebisyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”


Nou va devore tout pèp ke SENYÈ Bondye nou an, va livre bannou. Zye nou p ap bay yo pitye, ni nou p ap sèvi dye pa yo, paske sa ta yon pèlen pou nou.


epi lè SENYÈ a, Bondye nou an, delivre yo devan nou e nou fin bat yo, alò, nou va detwi yo nèt. Nou p ap fè okenn akò avèk yo e nou p ap montre yo okenn favè.


Konsa, senk wa Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.


Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a.


Alò, Sisera te sove ale sòti nan pye a tant Jaël la, madanm a Héber a, Kenyen an; paske te gen lapè antre Jabin, wa Hatsor a ak lakay Héber, Kenyen an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite