Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 5:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Konsa, yo te voye ranmase tout prens Filisten yo kote yo, e te di: “Kisa nou dwe fè avèk lach Bondye Israël la?” Yo te reponn: “Kite lach Bondye Israël la pote rive ozanviwon Gath.” Konsa, yo te pote lach Bondye Israël la rive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Se konsa yo voye chache senk chèf moun Filisti yo, epi yo di yo: — Kisa pou nou fè ak Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la? Chèf yo reponn: — Pote l ale lavil Gat. Se konsa yo pote Bwat Kontra Bondye pèp Izrayèl la lavil Gat.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 5:8
11 Referans Kwoze  

Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo.


Ale janbe kote Calné pou gade. Soti la rive Hamath Gran an, pou desann kote Gath de Filisten yo. Èske yo pi bon ke wayòm sila yo? Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?


Li va vin rive nan jou sa a, ke Mwen va fè Jérusalem vin yon wòch ki lou pou tout pèp yo. Tout ki vin leve l va vin blese grav. Epi tout nasyon latè yo va rasanble ansanm kont li.


soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo.


Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a.


Yon chanpyon yo te rele Goliath ki te sòti nan Gath, te soti nan kan Filisten yo. Wotè li te sis koude plis yon epann (anviwon nèf pye uit pous).


Mesye Israël yo avèk Juda yo te leve kriye fò e te kouri dèyè Filisten yo jis rive nan vale a, e jis nan pòtay Ékron. Epi Filisten mouri yo te kouche tout akote chemen an pou rive Schaaraïm, menm jis nan Gat avèk Ékron.


Alò, Akisch te rele David. Li te di l: “Jan SENYÈ a viv la, ladwati ou ak tout antre sòti ou avèk mwen nan lame a se yon plezi nan zye m; paske mwen pa t jwenn mal nan ou depi jou ke ou te antre kote mwen an, jis rive jodi a. Sepandan, ou pa yon plezi nan zye a lòt chèf yo.


Pou sa, yo te voye rasanble tout prens a Filisten yo, e te di: “Voye lach Bondye Israël la ale. Kite li retounen nan pwòp plas li, pou li pa touye nou avèk pèp nou an.” Paske te genyen yon gwo boulvèsman ki t ap mennen lanmò toupatou nan vil la. Men SENYÈ a te lou kote sa a.


Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.”


Konsa, Filisten yo te rele prèt yo avèk divinò yo, e te di yo: “Kisa pou nou fè avèk lach SENYÈ a? Di nou kijan nou dwe voye li nan plas li.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite