Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Ala devenn pou nou, mezanmi! Ki moun ki ka delivre nou anba men bondye sa yo ki plen pouvwa? Se bondye sa yo ki te voye tout kalite malè sou moun Lejip yo nan dezè a.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 4:8
8 Referans Kwoze  

Lòt nasyon pèp yo te tande. Y ap tranble. Gwo lakrent vin sezi abitan Philistine yo.


“Ejipsyen yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a lè mwen lonje men M sou Égypte, e fè fis Israël yo sòti nan mitan yo.”


Paske fwa sa a, Mwen va voye tout fleyo Mwen yo sou kè ou, avèk sèvitè ou yo, avèk pèp ou a, pou ou kab konnen ke nanpwen lòt tankou Mwen sou tout latè.


Sa yo gen pouvwa pou fèmen syèl la pou lapli pa tonbe pandan jou pwofesi yo a. Yo gen pouvwa sou dlo pou fè yo tounen san, e pou frape latè avèk tout kalite fleyo, nenpòt lè yo ta vle.


Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan.


Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!”


Lè Mesye Asdod yo te wè ke sa te konsa, yo te di: “Fòk lach Bondye Israël la pa rete pami nou. Paske men Li lou sou nou ak sou Dagon, dye pa nou an.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite