Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 4:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Bèlfi Eli a, madanm Fineas, te ansent, li t'ap tann jou pou l akouche. Lè li tande yo te pran Bwat Kontra Bondye a, epi bòpè l ansanm ak mari l te mouri, lamenm tranche pran l, li akouche.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 4:19
7 Referans Kwoze  

A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”


Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske ou va gen yon lòt gason.”


Nan lè sa a, Abija, fis a Jéroboam nan, te vin malad.


Prèt Li yo te tonbe pa nepe e Vèv Li yo pa t kab kriye.


konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”


“Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.


Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: “Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite