Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 3:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Li di Samyèl konsa: — Ale kouche monchè! Si ou tande yo rele ou ankò, w'a di: Pale non, Senyè! Men sèvitè ou ap koute! Samyèl ale vre, li kouche nan kabann li.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 3:9
9 Referans Kwoze  

Mwen va tande sa ke Bondye, SENYÈ a, va di. Paske La p pale lapè a pèp Li a, a fidèl Li yo, men pa kite yo retounen nan foli yo.


Anverite, sekou Li toupre a sila ki gen lakrent Li yo, pou laglwa Li kapab rete nan peyi nou an.


Konsa, yo te di Moïse: “Pale avèk nou ou menm, e nou va koute; men pa kite Bondye pale avèk nou, oswa nou va mouri.”


Konsa, mwen te tande vwa SENYÈ a, ki te di: “Se kilès ke m ap voye, e se kilès k ap ale pou Nou?” Epi mwen te di: “Men mwen! Voye mwen!”


Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou vin vanyan!” Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”


Men leve, antre nan vil la, e ou va tande kisa ou dwe fè.”


Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”


Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”


Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.” Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite