Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 27:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Se konsa, David te dechèpiye tout peyi a, li touye fanm kou gason. Li pran mouton moun yo, bèf yo, bourik yo, chamo yo, ata rad yo. Lèfini, li tounen al jwenn Akich.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 27:9
9 Referans Kwoze  

Alò zanj lan te twouve li akote yon sous dlo nan savann nan, vè sous la nan wout chemen ki ale Schur la.


Yo te deplase soti nan Havila jis rive nan Schur ki nan kote lès Égypte lè yon moun ap pwoche Assyrie; li te rete la malgre sa te fè ènmi avèk tout paran li yo.


Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.


Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo.


Yo te detwi tout bagay nan vil la nèt; ni gason, ni fanm, jèn kon granmoun, ni bèf, ni mouton, ni bourik, pa lam nepe.


Alò, ale frape Amalek e detwi tout sa li genyen. Pa fè li gras, men mete a lanmò ni gason, ni fanm, ni timoun ni tibebe, bèf, mouton, chamo ak bourik.’”


Konsa, Saül te bat Amalekit yo soti nan Havila pou rive Schur, ki te bò lès a Égypte la.


Li te kaptire vivan Agag, wa a Amalekit yo e te detwi nèt tout pèp la avèk lam nepe.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite