Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.
Alò, kòmandan a Filisten yo te di: “Se kisa Ebre sa yo ap fè isit la?” Epi Akisch te di a kòmandan Filisten yo: “Èske sa se pa David, sèvitè a Saül la, wa Israël la, ki te avèk mwen nan jou sa yo, oswa pito di ane sa yo, e mwen pa t twouve okenn fot nan li soti nan jou ke li te sòti a, jis jodi a?”