Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 24:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

9 Epi li di: — Poukisa w'ap koute moun k'ap di ou m'ap chache fè malè sou ou?

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 24:9
19 Referans Kwoze  

Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.


Jij pa yo fin jete a tè bò kote wòch yo. Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.


Yon nonm pèvès gaye konfli, e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.


Yon malfektè koute lèv mechan yo; yon mantè prete atansyon a yon lang kap detwi.


Pawòl a sila ki chichote pawòl nan zòrèy moun nan se tankou bonbon ki gen gou dous; se jis nan fon kò a yo desann.


Van nò pote lapli e yon lang medizan, pote yon move vizaj.


Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo, e zèv a lang flatè a se dega.


Si gouvènè a prete atansyon a manti, tout minis li yo va vin mechan.


Anplis, Jérémie te di a Wa Sédécias: “Nan ki fason mwen te peche kont ou an, oswa kont sèvitè ou yo, oswa kont pèp sa a, pou ou te mete m nan prizon an?


“‘Nou pa pou mache bay kout lang pami pèp nou an. Nou pa pou fè zak kont lavi vwazen nou yo. Mwen se SENYÈ a.


Konsa lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.


Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”


Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.


Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’


Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.


Anplis li te di: “Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m?


Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite