Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 24:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 Lè David fin pale, Sayil di: — Se pa vwa David, pitit gason m lan, sa? Epi li pran kriye.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 24:16
13 Referans Kwoze  

Konsa, Saraï te di Abram: “Se ou ki gen tò nan bagay sa a. Mwen te bay sèvant mwen an pou li antre nan bra ou, e lè l te wè ke li te vin ansent, mwen te vin meprize nan zye li. Ke SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen.”


Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo.


Ésaü te kouri al jwenn li. Li te anbrase li, te tonbe nan kou li e li te bo li. Konsa, yo te kriye.


Alò, Lespri a te vini sou Amasaï, ki te chèf a trant yo, “Nou se pa w, O David, Epi avèk ou, O fis a Jesse a! Lapè, lapè a ou menm Epi lapè avèk sila ki ede ou! Anverite, Bondye ou a ap ede ou!” Konsa David te resevwa yo e te fè yo kapitèn nan ekip la.


Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?


Plede kòz mwen e rachte mwen! Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.


Yon repons ki dous kalme kòlè; men yon mo sevè pwovoke gwo fache.


Tankou pòm an lò ki monte sou ajan, se konsa yon mo byen plase nan moman li.


Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti.


Men yo pa t kapab fè fas avèk sajès ak Lespri ki t ap fè l pale a.


Konsa, mwen pa t peche kont nou, men nou te fè m tò lè nou te fè lagè kont mwen. Ke SENYÈ a, Jij la, jije jodi a antre fis Israël yo ak fis a Ammon yo.”


Saül te rekonèt vwa a David, e te di: “Èske se vwa ou, fis mwen, David?” David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.”


Gade byen, jan lavi ou te gen gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta delivre mwen nan tout twoub.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite