Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 20:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Lèfini, m'a rele domestik mwen an, m'a voye l al chache flèch yo pote ban mwen. Si ou tande mwen di l: Gade, flèch yo tonbe bò isit anvan yo gentan rive kote ou ye a, al pran yo pou mwen, sa vle di ou pa bezwen pè anyen, ou mèt vini. Mwen fè sèman nan non Senyè a, anyen p'ap rive ou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 20:21
7 Referans Kwoze  

Epi si, anverite, yo va aprann chemen a pèp Mwen an, pou sèmante pa non Mwen: ‘Kon SENYÈ a viv la’, menm jan ke yo menm te enstwi pèp Mwen an pou sèmante pa Baal yo, yo va vin etabli nan mitan pèp Mwen an.


Si ou va sèmante: ‘Kon SENYÈ a vivan an’, anverite, ak jistis, e nan ladwati; konsa, nasyon yo va beni tèt yo nan Li, e nan Li yo va gen glwa.”


E poutan, yo di: ‘Tankou SENYÈ a viv la’! Anverite y ap fè fo temwayaj.”


Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”


Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè.


Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale.


Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite