Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Jonatan reponn li: — Mande Bondye padon, ou p'ap mouri! Papa m pa fè anyen san li pa di m. Pa gen rezon pou l ta kache m sa. Se pa vre, monchè!

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 20:2
14 Referans Kwoze  

Yo te di li: “Poukisa mèt mwen an pale kalite pawòl sila yo? Sa lwen mwen pou m ta fè yon bagay konsa.


Sakrifis avèk ofrann sereyal, Ou pa t dezire yo. Ou te ouvri zòrèy mwen. Ofrann brile avèk ofrann peche yo, Ou pa t mande yo.


Sila ki fè konplo ak yon volè rayi pwòp lavi li; li pran sèman an men li pa pale anyen.


SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen. Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.


Li va vin detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.” Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”


Mwen p ap rele nou esklav ankò, paske yon esklav pa konnen kisa mèt li ap fè. Men Mwen rele nou zanmi, paske tout bagay ke Mwen tande nan Papa M, Mwen fè nou konnen.


Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.


Lwen de nou ke nou ta fè rebèl kont SENYÈ a pou vin detounen pa swiv SENYÈ a jodi a, pou nou ta bati yon lotèl ofrann brile, oswa ofrann sereyal, oswa sakrifis, ot ke lotèl ki pou SENYÈ a, Bondye nou an, ki devan tabènak pa Li a!”


Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo;


Men pèp la te di a Saül: “Èske fòk Jonathan ta mouri, ki te fè reyisi gran delivrans sa a an Israël? Lwen de sa! Kòm SENYÈ a viv la, pa menm yon cheve nan tèt li p ap tonbe atè; paske li te fè travay Bondye nan jou sa a.” Konsa, pèp la te sove Jonathan pou li pa t mouri.


Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”


Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?


Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”


Alò, yon jou avan Saül te vini, Senyè a te montre sa a Samuel e te di:


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite