Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 20:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Lèfini, Jonatan di David konsa: — Mwen pran Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pou temwen. Denmen lè konsa, mwen pral mande papa m sa ki genyen. M'ap fè menm bagay la tou apre denmen. Si mwen wè li pa gen okenn move santiman nan kè li pou ou, m'ap voye komisyon ba ou.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 20:12
10 Referans Kwoze  

Men wa a te bay pwotèj a Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül la, akoz sèman a SENYÈ a ki te fèt antre yo, antre David ak fis a Saül la, Jonathan.


Èske Li pa wè chemen mwen yo e kontwole tout pa mwen yo?


Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.


Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon; men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.


Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Sila ki Toupwisan an, Bondye SENYÈ a, Li menm ki konnen! E Li menm va kite Israël konnen tou a. Si se te nan rebelyon, oswa si se nan movèz fwa, yon zak ki fèt kont SENYÈ a, pa sove lavi nou jodi a!


Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an.


Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.


Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite