Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 17:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, Filisten yo te rasanble lame yo pou batay. Yo te rasanble vè Soco ki pou Juda e yo te fè kan antre Soco avèk Azéka nan Éphés-Dammim.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Moun Filisti yo sanble tout sòlda yo lavil Soko nan peyi moun Jida yo, pou y'al goumen. Yo pran pozisyon yon kote yo rele Fontyè San, ant lavil Soko ak lavil Azeka.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 17:1
11 Referans Kwoze  

Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo.


Beth-Tsur, Soko, Adullam,


Filisten yo osi te atake vil nan ba plèn yo avèk Negev nan Juda e te pran Beth-Schémesch, Ajalon, Guedéroth, Soco avèk vil pa li yo, Thimna avèk vil pa li yo e Guimzo avèk vil pa li yo, epi yo te vin abite la.


lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.


Jarmuth, Adullam, Soco, Azéka,


Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


Alò, Saül te monte kite afè kouri dèyè Filisten yo, e Filisten yo te ale kote plas pa yo a.


Alò, lagè kont Filisten yo te di anpil pandan tout jou a Saül yo. Epi lè Saül te wè nenpòt gason pwisan oswa vanyan, li te fè l vin atache nan sèvis pa l la.


Alò, lè Filisten yo te tande ke fis Israël yo te rasanble nan Mitspa, e prens a Filisten yo te vin monte kont Israël. Lè fis Israël yo te tande sa, yo te krent Filisten yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite