1 Samyèl 14:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen6 Alò Jonathan te di a jennonm ki t ap pote zam li yo: “Vini pou nou travèse lòtbò vè anplasman militè a ensikonsi sila yo. Petèt, SENYÈ a va aji pou nou. Paske SENYÈ a pa anpeche delivre, menm si se anpil, menm si se kèk grenn.” Gade chapit la1998 Haïtienne6 Jonatan di jenn gason an: — Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Senyè a. Ou pa janm konnen, Senyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil. Gade chapit la |
Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”