Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Achija, fis a Achithub la, frè I-Kabod, fis a Phinées a, fis a Éli, sakrifikatè SENYÈ a nan Silo, te abiye avèk yon efòd. Epi pèp la pa t konnen ke Jonathan te ale.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Prèt ki t'ap pote jile Bondye a te rele Akija. Se Akitoub, pitit frè Ikabòd. Yo te pitit Fineyas ki li menm te pitit Eli ki te prèt Senyè a, lavil Silo. Sòlda yo pa te konnen Jonatan te pati.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 14:3
9 Referans Kwoze  

Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a.


Epi Saül te di: “Annou desann dèyè Filisten yo lannwit lan, pran piyaj pami yo jis li fè klè nan maten e annou pa kite youn nan mesye yo vivan.” Epi yo te di: “Fè nenpòt sa ki sanble bon pou ou menm.” Konsa, prèt la te di: “Annou apwoche de Bondye isit la.”


Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len.


Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo?


Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David.


Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li.


Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite