Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 13:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Men Samuel te di: “Kisa ou te fè?” Epi Saül te di: “Akoz mwen te wè ke pèp la t ap gaye kite m, ke ou pa t vini nan jou apwente a, e ke Filisten yo t ap rasanble nan Micmasch,

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Samyèl di li: — Kisa ou fè konsa? Sayil reponn li: — Mwen wè pèp la t'ap pati kite m. Ou menm, ou pat vini lè ou te di ou t'ap vini an. Lèfini, moun Filisti yo t'ap sanble bò lavil Mikmas la.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 13:11
12 Referans Kwoze  

Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”


Li te di: “Kisa ou te fè la a? Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a.


Alò, Joab te vini vè wa a e te di: “Se kisa ou te fè la a? Gade, Abner te vin kote ou. Alò, poukisa ou te voye li ale sòti deja?


Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?” Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.”


Li te vini kont Ajjath, li te pase nan Migron; nan Micmasch, li te depoze bagaj li.


Epi Josué te di Acan: “Fis mwen, souple, bay glwa a SENYÈ a, Bondye a Israël la, epi konfese a Li menm. Di mwen koulye a sa ou te fè a. Pa kache li de mwen.”


pou sa, mwen te di: ‘Alò Filisten yo va vin desann kont mwen Guilgal, epi mwen poko mande favè SENYÈ a.’ Pou sa, mwen te fòse mwen menm pou te ofri ofrann brile yo.”


Alò Saül avèk fis li a, Jonathan avèk moun ki te prezan avèk yo te rete Guéba nan Benjamin pandan Filisten yo te fè kan Micmasch.


Alò, Saül te chwazi pou li menm twa mil mesye an Israël. Pami sila yo, de-mil te avèk Saül nan Micmasch ak nan peyi ti mòn Béthel la, pandan mil te avèk Jonathan nan Guibea pou Benjamin an. Men li te voye ale tout lòt moun yo, yo chak nan pwòp tant pa yo.


Epi ekip post militè a Filisten yo te sòti rive nan pasaj Micmasch.


Filisten yo te rasanble pou goumen avèk Israël; trant-mil cha avèk si-mil chevalye ak kantite moun ki te tankou sab ki bò lanmè. Anpil konsa, e yo te vin monte pou te fè kan nan Micmasch, nan lès a Beth-Aven.


Youn nan dan wòch yo te leve nan kote nò anfas Micmasch e lòt la nan sid anfas Guéba.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite