Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 12:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.” Epi yo te di: “Li se temwen.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Samyèl di yo: — Jòdi a, Senyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m. Pèp la reponn: — Senyè a temwen!

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 12:5
14 Referans Kwoze  

Si ou maltrete fi mwen yo, oswa si ou pran madanm anplis ke fi mwen yo, malgre pèsòn pa avèk nou, ou wè, Bondye se temwen antre ou menm avèk mwen.”


Menm koulye a, gade byen, temwen m se nan syèl la. Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.


Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.


Ou te teste kè m. Ou te vizite mwen pandan lannwit. Ou te sonde mwen e Ou pa t jwenn anyen. Mwen te fè desizyon eksprè pou bouch mwen pa fè tò.


Si sa li te vòlè a twouve nan posesyon li, menm si se yon bourik, oswa yon mouton, li va peye li doub.


Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.


Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”


Akoz sa, mwen menm, tou, mwen fè tout sa ki posib pou toujou kenbe yon konsyans ki tout tan san repwòch devan Bondye, ak devan lèzòm.


Oubyen pito kite mesye sila yo, yo menm di ki move zak yo te twouve lè mwen te kanpe devan konsèy la,


Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.


Paske konfyans fyète nou an se sa; temwayaj konsyans nou, ke nan sentete avèk senserite anvè Bondye, pa nan sajès lachè men nan gras Bondye a, nou kondwi tèt nou nan mond lan, e sitou vè nou menm.


Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”


Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite