Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa Lespri Bondye te vini sou Saül avèk gran fòs lè li te tande pawòl sa yo, e li te vin fache anpil.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Tande li tande koze a, lespri Bondye desann sou li, epi li fè gwo kòlè.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 11:6
14 Referans Kwoze  

Li te vin rive ke depi Moïse te pwoche kan an, li te wè jèn towo a ak tout dans yo. Konsa, kòlè te briye nan Moïse. Li te jete tablèt ki te nan men li yo atè, e li te kraze yo nan baz mòn nan.


Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.


Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.


“Fè fache, e malgre sa pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a,


Alò, Lespri SENYÈ a te vini sou Jephthé. Li te pase travèse Galaad avèk Manassé, epi li te pase travèse Mitspé nan Galaad pou te rive vè fis Ammon yo.


Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.


Lespri SENYÈ a te vin monte byen fò sou li e li te chire li tankou yon moun ta chire yon jenn kabrit, malgre anyen pa t nan men li. Men li pa t pale ni papa l ni manman l sa li te fè a.


Lè li te rive nan Léchi, Filisten yo te rele fò pandan yo t ap rankontre li. Epi Lespri SENYÈ a te vini sou li avèk pouvwa, jiskaske kòd sou bwa li yo te vin tankou pay len ki brile ak dife e kòd yo te tonbe sòti nan men li.


Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.


Konsa, Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li.


Lè yo te rive la, nan kote ti mòn nan, yon gwoup pwofèt te rankontre li. Epi Lespri Bondye a te vini sou li avèk fòs, jiskaske li te pwofetize pami yo.


Epi Lespri Bondye a va vini sou ou avèk gwo fòs. Ou va pwofetize avèk yo, e ou va chanje pou vin yon lòt moun.


Konsa, Samuel te pran poban lwil la pou te onksyone li nan mitan frè li yo. Epi Lespri SENYÈ a te vini byen fò sou David depi jou sa a, ale nèt. Epi Samuel te leve pou te ale Rama.


Alò, Lespri SENYÈ a te vin kite Saül e yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a te teworize li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite