Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 10:22 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

22 Pou sa, yo vin mande plis a SENYÈ a: “Èske nonm nan gen tan rive isit la deja?” Pou sa, Bondye te di: “Gade byen, l ap kache kò li kote pwovizyon yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

22 Y'al mande Senyè a si pa gen lòt moun ankò. Senyè a reponn: — Men Sayil kache dèyè pwovizyon yo!

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 10:22
19 Referans Kwoze  

Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.


Alò, li te vin rive apre, ke David te fè demand a SENYÈ a, e te di: “Èske Mwen dwe monte nan youn nan vil Juda yo?” Epi SENYÈ a te di li: “Monte!” Konsa David te di: “Se kibò pou m ta monte?” Epi Li te di: “Nan Hébron.”


Alò, te gen yon gwo grangou nan jou a David yo pandan twazan, ane apre ane. Epi David te chache prezans a SENYÈ a. SENYÈ a te di: “Se akoz Saül ak kay sanglan li an, akoz li te mete Gabawonit yo a lanmò.”


Anplis, li va kanpe devan Éléazar, prèt la, ki va fè ankèt pou li selon jijman a Orim nan devan SENYÈ a. A kòmand pa li, yo va sòti e a kòmand pa li, yo va antre, ni li, ni fis Israël yo avèk li menm, tout kongregasyon an menm.”


“Paske tout sila yo ki leve tèt yo va vin desann, e sila yo ki desann tèt yo, va vin leve.”


Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”


Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”


Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”


epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?” Epi SENYÈ a te di: “Monte, paske demen Mwen va livre yo nan men nou.”


Alò, li te mennen tribi Benjamin an vin toupre pa fanmi li yo, e yo te pran fanmi Matri a. Konsa, Saül, fis a Kish la te vin pran. Men lè yo vin chache li, yo pa t kab twouve l.


Saül te fè demand a Bondye: “Èske mwen dwe desann dèyè Filisten yo? Èske Ou va ba yo nan men Israël?” Men Li pa t reponn li nan jou sa a


Samuel te di: “Èske se pa vrè, ke malgre ou te piti nan pwòp zye pa ou, ke ou te devni gran chèf a tribi Israël yo?


Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”


Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.”


David te di a Abiathar, prèt la, fis Achimélec la: “Souple, pote ban m efòd la.” Konsa, Abiathar te pote efòd la bay David.


David te fè demann SENYÈ a. Li te mande: “Èske mwen dwe swiv bann mouton sa a? Èske mwen va gen tan jwenn yo?” Epi Li te reponn li: “Swiv yo, paske ou va anverite, jwenn yo, e ou va sove tout.”


Saül te reponn: “Èske mwen pa yon Benjamit? Pi piti nan tout tribi Israël yo? Fanmi pa m nan ki pi piti ke tout fanmi nan tribi Benjamin an? Poukisa ou pale mwen konsa?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite