Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Samyèl 10:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Men jodi a, nou te rejte Bondye nou an, ki delivre nou de tout malè nou yo ak detrès nou yo. Malgre sa nou vin di: ‘Non, men mete yon wa sou nou!’ Pou sa, prezante nou menm devan SENYÈ a pa tribi nou yo ak gran fanmi nou yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Se mwen menm Bondye nou an ki te pwoteje nou nan tout move pa, nan tout kè sere, epi kounyeya n'ap voye m jete, n'ap di m se yon wa pou m mete gouvènen nou! Enben, nou tout, vini non devan Senyè a. Sanble tout moun, branch fanmi pa branch fanmi, fanmi pa fanmi. Fè yo parèt devan li.

Gade chapit la Kopi




1 Samyèl 10:19
18 Referans Kwoze  

Tiraj osò fèt nan fon wòb; men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.


Men ou menm, Bethléhem Éphrata, pi piti pami fanmi a Juda yo, nan ou va soti de Mwen Youn pou vin chèf an Israël. Lè pou L vin parèt la te etabli depi nan tan ansyen yo, jis rive nan jou etènite yo.


men yon mwa nèt, jis li vin sòti nan nen nou, e vin abominab pou nou; akoz nou te rejte SENYÈ a ki pami nou, e nou te kriye devan Li pou te di: “Poukisa nou te janmen kite Égypte?”’”


“Pale avèk fis Israël yo, e pran yon branch bwa pou chak kay fanmi zansèt yo: douz branch bwa ki sòti nan tout chèf yo selon kay fanmi zansèt yo. Nou va ekri non a chak sou branch pa yo.


“Lè nou antre nan peyi ke SENYÈ Bondye nou an, bannou an pou posede, e nou viv ladann, nou va di: ‘Annou mete yon wa sou nou tankou tout nasyon ki antoure nou yo’.


Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye.


Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”


Konsa, Samuel te mennen tout tribi Israël yo vin toupre li, e tribi Benjamin an te pran pa tiraj osò.


“Lè nou te wè ke Nachasch, wa a fis Ammon yo, te vini kont nou, nou te di m: ‘Non, men se yon wa k ap renye sou nou’, malgre sa, SENYÈ Bondye nou an te wa nou.


Konsa SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a e batay la te gaye pi lwen Beth-Aven.


Saül te di: “Apwoche isit la, tout chèf a tout pèp la pou fè ankèt pou aprann kijan peche sa a te vin fèt jodi a.


Epi SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.


Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.


Sepandan, pèp la te refize koute vwa Samuel. Yo te di: “Non, kareman fòk nou gen yon wa sou nou,


Yo te di li: “Gade byen, ou fin granmoun e fis ou yo pa mache nan vwa pa w yo. Alò, chwazi yon wa pou nou pou jije nou tankou tout nasyon yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite