Men Aaron avèk fis li yo te lofri sou lotèl ofrann brile a ak sou lotèl lansan an, pou tout zèv kote ki pi sen pase tout lòt yo a e pou fè ekspiyasyon pou Israël, selon tout sa ke Moïse, sèvitè Bondye a, te òdone.
A fis a Guerschom yo, selon fanmi pa yo, te bay soti nan tribi Issacar ak soti nan tribi Aser a, tribi Nephtali a ak tribi Manassé a, trèz vil nan Basan yo.