Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Kwonik 12:38 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

38 Tout sila yo, mesye lagè ki te konn ranje nan fòmasyon batay yo, te vini Hébron avèk yon sèl kè sensè pou fè David wa.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

38 Tout sòlda sa yo, ki te tou pare pou fè lagè, te vin jwenn David lavil Ebwon ak tout kè yo. Yo te sòti pou yo te fè l wa sou tout peyi Izrayèl la. Tout rès pèp Izrayèl la te vini ak menm lide a tou: fè David wa.

Gade chapit la Kopi




1 Kwonik 12:38
13 Referans Kwoze  

Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a.


“Pou sa, kite kè nou vin dedye nèt a SENYÈ a, pou mache nan règleman Li yo, kenbe kòmandman Li, menm jan sa ye nan jou sila a.”


“Sonje koulye a, O SENYÈ a, mwen sipliye Ou, jan mwen te mache devan Ou anverite avèk tout kè m nan, ak jan mwen te fè sa ki bon nan zye Ou a.” Epi Ézéchias te kriye byen anmè.


Nan Zabulon, te gen senkant-mil moun ki te parèt nan lame a ki te konn ranje kò yo nan fòmasyon batay avèk tout kalite zam lagè pou te ede David avèk kè ki pa t divize menm.


Soti lòtbò Jourdain an, pa Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, te gen san-ven-mil avèk tout zam lagè pou batay la.


Yo te la pandan twa jou. Yo t ap manje ak bwè, paske fanmi pa yo te gen tan prepare pou yo.


Anplis, men Bondye te sou Juda pou bay yo yon sèl kè pou fè sa ke wa a avèk chèf yo te kòmande yo a, pa pawòl SENYÈ a.


Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.


Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte nan jou pouvwa Ou yo. Yo parèt an sentete, soti nan zantray maten an; ak jennes Ou, tankou lawouzaj gran maten an.


Konsa, Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire kè wòch ki nan chè yo a, e Mwen va bay yo yon kè ki fèt ak chè,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite