Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




1 Korent 8:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Men, manje pa ka fè nou vin pi pre Bondye. Nou pa pèdi anyen lè nou pa manje yon kalite manje, ni nou pa genyen anyen lè nou manje yon lòt kalite.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Poutan se pa yon manje k ap fè nou pi pwòch Bondye. Nan domèn sa a, si nou pa manje l nou pa fè okenn pèt, si nou manje l nou pa fè okenn benefis.

Gade chapit la Kopi




1 Korent 8:8
5 Referans Kwoze  

A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la.


Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an.


Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.


Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite